|
Nou swete w byenveni nan Florida KidCare
Florida KidCare se pwogram asirans medikal timoun nan leta a pou timoun ki poko gen laj 19 an. Li gen kat pwogram — oubyen kat seksyon diferan: MediKids, Healthy Kids, Children’s Medical Services ak Medicaid. Pou kalifye pou Florida KidCare depann de nivo salè fanmi a ak kombyen moun ki nan fanmi a.
Men enpe nan sèvis Florida KidCare kouvri:
- vizit kay doktè
- egzamen ak piki
- lopital
- chiriji
- preskripsyon
- ijans
- zye ak zòrèy
- dantis
- swen lasante mantal
Gen plizyè fason pou soumèt yon aplikasyon:
- Si w deja ranpli aplikasyon pou Florida KidCare, rele 1-888-540-5437 pou mete enfòmasyon w ajou, oubyen
- Aplike anliy kounye a, oubyen
- Enprime aplikasyon ak enstriksyon Florida KidCare la
Florida KidCare ofri plizyè metòd pou w fè peman prim ou chak mwa.
|