Lwa leta a oblije enfòmasyon si timoun gen oubyen anile ekspre asirans sante nan konpayi travay. W ap jwenn eksplikasyon sou sa nan aplikasyon an ak nan enstriksyon yo. Obligasyon pou Medicaid ka diferan pase tout lòt pwogram Florida KidCare.
Pri
Pa gen frè pou peye pou Medicaid pou timoun (KidCare Medicaid).
Pou lòt pwogram Florida KidCare, frè pa mwa pral depann de konbyen moun ki nan fanmi a epi de salè fanmi a. Pifò nan fanmi yo peye $15 oubyen $20 pa mwa. Nou va fè ou konnen si ou ta gen pou peye plis.
Si ou voye yon chèk oubyen yon money order, ekri li bay Florida KidCare. Pa voye kash. Nou va ranbouse ou peman a, si pitit ou (oubyen pitit ou yo) kalifye pou Medicaid oubyen pa kalifye pou asirans lan.
Ou ka gen pou peye yon ti frè oswa yon kotizasyon pou enpe sèvis.
Yon timoun ki manm nan yon tribi endyen ameriken, tribi moun natif natal Alaska, oubyen trib endyen kanada ki rekonèt pa gouvèman an ka kalifye pou asirans Florida KidCare gratis.