Florida KidCare logo English Spanish
Asirans lasante pou timoun ki nan mezi poch ou!
Paj Prensipal Kalifikasoyon ak Pri Application & Renewal Resous nan èntenèt
1-888-540-5437 o TTY: 1-877-316-8748
Enfomasyon Sou Aplikasyon Epi Sou Renouvelman
space
left side slice
space
Aplike Anliy Kounye a
space

 

Èske w ta renmen peye prim lan?

Fè atansyon pou w pa bliye peye, chak mwa, prim Florida KidCare
alè pou yo pa anile asirans lan.

 

Ou ka peye prim ou anliy oubyen nan telefòn
(1-800-821-5437)
24 sou 24, 7 jou sou 7.

Ranpli aplikasyon pou
Florida KidCare

Aplikasyon an ap bon pou 120 jou apre nou resevwa li. Si pitit ou pa enskri nan MediKids, Healthy Kids oubyen Children’s Medical Services Network nan 120 jou, nap fè ou konnen pou ou ka aplike ankò. Nou ka sèvi ak yon aplikasyon ki gen plis ke 120 jou pou nou gade si timoun nan kalifye pou Medicaid.

Kèk pwogram Florida KidCare ka gen plas limite, epi nou aksepte aplikasyon yo dapre kantite moun antou ki aplike. Lè MediKids, Healthy Kids ak Children’s Medical Services Network pa gen plas pou plis timoun, anwolman pou pwogram sa yo ap fèmen. Medicaid aksepte timoun ki kalifye nenpòt lè na lane a. Medicaid toujou ouvri pou timoun sa yo.

Si anwolman pou MediKids, Healthy Kids ak Children’s Medical Services Network la yo ap fèmen, nap fè ou konnen lè nou resevwa aplikasyon ou an. Nap tcheke pou wè si pitit ou yo ka kalifye pou Medicaid. Wap resevwa plis enfòmasyon si pitit ou yo kalifye pou Medicaid. Si pitit ou yo pa kalifye pou Medicaid, wap gen pou-w voye yon dezyèm aplikasyon pandan pwochen peryòd la lè MediKids, Healthy Kids ak Children’s Medical Services rezo sa yo ap ouvri.

Renouvèlman

Tout fanmi gen pou yo renouvle kouvèti Florida KidCare pitit yo yon fwa nan ane a. Klike isit la pou enfòmasyon sou ki jan pou renouvle.

 

Paj Prensipal | Kalifikasyon ak Pri | Aplikasyon ak Renouvèlman | Resous nan èntenèt | Kat enfòmatik sit la